|
PREMIE
MOSO
TAO CHING
(TAO KLASIK LA)
CHAPIT
1
Ki
sa Tao a ye
Tao,
w ka'b pale de li a, se
pa Tao Etènèl ki pa
jam chanje a
Non w kap nonmen an, se
pa Non Etènèl ki pa
jam chanje a.
Lè w gade Tao tankou-l'
se Tèt Sous Lesièl-ak-Latè,
w pa ka ba-l' you non
Lè w gade-l' tankou-l'
se Manman tout bagay, lè
sa w ka ba-l' you non.
Tao ki toujou kache ya fèt
pou w gade andedan
nannan-1';
Sa-k'toujou parèt la fèt
pou gade figi-l' ban nou
sou deyò a.
O fon, de fòm sa
yo se you sèl bagay yo
ye, men lè bagay saa
komanse ap devlope li
vin parèt sou de non
diferan.
Lè nou mete tout lè de
ansanm nou rele yo Mistè
ya.
Mistè ki pi fon pase
tout lòt mistè yo se pòt
ki mennen nan
nanan tout bagay
ki gen you mèvèy kache
andan yo.
kòmantè
sou chapit 1
Nan
premie chapit saa Lao
Tseu ap montre difikilte
you moun genyen pou
konprann Tao. Lè w gade
tex la byen w wè ke Tao
gen de pati: you pati
kache ke nou ka pa
konnen, you pati ki parèt
sou deyò ke nou ka wè.
Pati ki kache se tèt
sous lesyèl ak latè.
Pati ki parèt la se
manman tout bagay.
Lè w ale pi devan nan
lòt chapit yo wa wè
kote LaoTseu di ke lesyèl
ak latè etènèl. Sa
vle di ke pati ki etènèl
nan Tao a se li kreye de
bagay etènèl ke nou
konnen yo. Nan you lòt
kote, pati ki parèt sou
deyo a se li ki kreye
tout lòt bagay ki
rampli lesyèl ak latè.
Tout dialektik Tao a
chita sou de fòm sa yo.
Youn se nannan tout
bagay, w pa ka wè li,
li pa existe men se adan
l' de pi gwo bagay ki
existe yo sòti. Lòt
la parèt sou deyò nan
tout bagay ke nou wè.
Pati ki nan nannan tout
bagay la se limenm ki
Tao tout bon vre.
Li andan tout moun. Kòm
li pa you konesans, yo
bagay ke w ka apran,
tout otan wap apran se
tout tan wap mwens
konnen l'. Se sa ki fè
ke Lao Tseu di ke pou
aprann Tao fò w komanse
pa desaprann tout sa w
konnen. Saa ka raple yon
moun pati nan
labib la kote Jezi di ke
letènel montre ti moun
piti bagay ke l' kache
gran save yo. Lide
pou you moun bliye tout
sa konnen pou ka rantre
nan pati ki pi fon nan
oumenm nan, kote tout
bagay soti a, existe nan
tout tradisyon mistik ki
gen sou latè. Nou
kwè ke ka genyen you
rezon biologik ki fè sa.
tounen
nan tèt
C
H A P I T 2
Manman
vant tout bagay
Lè
tout latè rekonèt bèlte
kòm bèlte,
Lè sa nou vin rekonèt
sa ki lèdte a.
Lè tout latè rekonèt
bonte kòm bonte,
Lè sa a, nou vin rekonèt
sa ki moveste a.
Konsa: sa k' kache ak sa
k' parèt la youn
se manman-vant lòt,
Difisil ak fasil, youn
se moso lòt,
Long ak kout, longe dwèt
youn sou lòt,
Wo ak kout, youn se mezi
lòt,
Vwa ak son, youn mete lòd
ak bèlte nan lòt,
Devan ak dèyè youn
swiv lòt.
Se pou tèt sa, Sag la
regle zafèl' sanl' pa fè
anyen,
E li simaye lakonpran
sanl' pa pale.
Li voye zie, nètalkole,
sou tout bagay k'ap
boujonnen,
Li bati yo menm, menl'
pa dil' se mèt yo
Li agi, menl' pa mete
espwal' sou kapasite-l'.
Li fè travay li, menl'
pa fè reklam poul' di
se li ki fèl'.
E, se paske li pa fè
reklam ki lakoz sal'fè
ya rete pal'.
tounen
nan tèt
CHAPIT
3
Jan
pou kè pose kontinye
fleri
Pa
fè reklam pou moun ki
gen' talan, epi moun yo
va sispan viv nan
hinghang ak goumen pou
youn pase devan lòt.
Pa mete pri sou trezo
ki ra, epi
zenglendo ak
koupèdpòch va
sispann.
Pa mete bagay ki fè
bouch moun kouri dlo
deyo, epi kè va sispen
bat.
Konsa, lè Saj la ap govènen:
Li vide kalbas kè moun
yo poul' retire tout
desi,
Li ranpli tout vant ak
manje,
Li febli tout anbisyon,
Li mete repondong nan
tout zo.
Konsa, li pèmèt
moun yo rete san yo pa
konn fè mètdam, san yo
pa
gen'anken desi, epi l'a
anpeche sak' konn' fè
magouy yo pete you
eskonbrit.
Agi san agi, epi tout
bagay a mache nan lòd
Kòmantè
sou chapit 3.
Byen
ke nou te pwomèt pou
nou pa pale twòp, pou
nou kite w reflechi pou
kò w sou sa Tao vle di,
nou sèt oblije fè you
komantè sou chapit saa.
Tex saa toujou bay tout
moun ki kwè nan sa yo
rele demokrasi entèlektiel
anpil pwoblèm. Li
twouble tout moun eklere
ki vle wè limiè
lasyens blayi nan tèt
tout moun. Vrèmen
vre, nan tex saa, Lao
Tseu sanble li ta vle di
you bagay ki pa mache
kole avèk filosofi limiè
ke nou aprann nan men
Condorcet ak tout
latriye
filosof dizuitièm sièk
yo. W gen dwa pa
dakò avèk li, li ka
menm fè tout plim leve
sou do si w kwè, tankou
tradiktè tex saa, ke
lignorans se premie
maladi tout nasyon. Men,
si w abitye benyen sèvo
w nan dialektik, wa ka
pran tex saa nan kontex
tout Tao a. Lè saa, wa
konprann ke chapit saa
aplike vizyon mistik Tao
a pou l'' montre ki gen
pou kenbe you pèp nan
lapè. Wa wè ke Lao
Tseu pa ta ka di w pou
bay moun yo konesans
paske, dapre
prensib Tao a, toutotan
wap konnen se toutotan
wap pi pa konnen. Epi,
wa konprann tou ke Lao
Tseu pa ta ka pa vle
kenbe moun yo nan
inosans paske li vle yo
rete pi pre Tao a. Si w
byen konprann wa wè ke
lide saa sanble kou
degoutdlo ak lide paradi
teres la kote Adan ak Ev
tap viv nan linosans,
san yo pa te konnen ayen.
Yon jou konsa you demon
parèt devan yo pou l'
di yo ke yo kapab konnen.
Fanm nam mange moso nan
pòm lakonesans lan epi
li bay gason moso ladan
l'. Depi lè saa
lignorans komanse
diminye, lakonesans
komanse boujonen, epi
misè yo komanse.
tounen
nan tèt
C
H A P I T 4
Fontèn
san sous dlo
Tao
a vid tankou you bòl,
Men, lè wap sèvi avè'1',
li pa jam plen.
Li se you twou san fon,
e senble Ii se zansèt
tout bagay.
Li defile tèt li.
Li demele tout sak' mele
andan 1'.
Li adousi limiè 1'.
Li fè you sèl avèk
lemond, avèk tout ti
pousiè ki fèl'.
Li fon epil'pa fè
mouvman.
Li parèt tankoul'ta la
pou tout tan.
Mwen pa konnen pitit ki
moun li ye,
Men li senblel'ta la
anvan pi gwo chabrak ki
genyen sou latè ya
CHAPIT
5
Ki
jan w sèvi ak sa-k' vid
la
Lesièl
ak Latè pa nan santiman,
You trete tout bagay
tankou poupe twal.
Sag la, limenm tou, pa
nan santiman,
Li trete tou moun tankou
you poupe twal,
Lesièl ak Latè tankou
you sak kap soufle van.
Sak sa a vid, menl' se
you sous van ki pa jam
fini.
Plis l'ap travay, plis
bagay ap sòt' andan l'.
Nanpwen anken kantite mo
ki ka sèvi pou n' di ki
fondèl'.
Alos, Pito w kenbe mitan
an.
tounen
nan tèt
C
H A P I T 6
Ki
jan Tao a kree tout
bagay
Lespri
vale a pa jam mouri,
Yo relel' fenm ki sibtil
la, sak' rete anba a,
nan fondè a.
Pòt pou rantre nan mistè
fenm saa, se rasin Lesièl-ak-Latè.
Li rete tout dousman,
tankou you twal arenyen
kap loveye anba
anba e li apèn bay you
ti siy kel'la.
Lè wap sèvi avèl', w
pap jam jwen bout li.
C
H A P I T 7
Limiè
kache
Lesièl
etènel epi Latè la pou
tout tan.
Yo etènèl, yo rete pou
tout tan, paske yo pa
viv pou tèt yo.
Se sa ki fè ke menm lè
saj la vle rete dèyè,
Lè l' gade, 1'wè se
lik' devan;
Li rale kòl' menl'
toujou rete la pi rèd.
Eske se pa paske l' pa
gen' enterè pèsonnèl
ki fè ke enterèt sa yo
realize?
CHAPIT
8
Agi
san zefò
Bon
moun nan tankou dlo.
Dlo bon, li fè byen pou
tout bagay e li pa fè
konkou ak yo
Li rete nan kote tout
moun meprize Se sa ki fè
li tou pre Tao a.
Konsa, lè you bon moun
ap chwazi kote pou l'
rete, li konnen
ki jan pou l' kimbe pie
l' sou tè ya.
Anndan kè l' gen'lamou
pou sa ki nan fondè ya.
Nan boulè ak zòt
li konnen ki
Jan pou l'rete dous e
pou l'kontinie montre ke
l' se you zanmi.
Lè l' pale, li konnen
kinbe mo li.
Lè lap gouvènen, li
renmen kinbe lòd
Nan zafè achete ak vann,
li fè tout ba gay
komsadwa.
Lè lap fè you
rnouvrnan li renmen
chwasi bon moman an.
E, paske li pa nan fè
konkou ak pèsonn,
yo pa ka blame l'
pou anyen.
tounen
nan tèt
CH
A P I T 9
Tout
sa ki twòp bay pwoblèm
Mennen
you bagay kote li ka vin
two plen bon, men konnen
ki lè pou rete a tan pi
bon toujou!
Kontinie plati you sab,
kontinie file 1', E wa wè
ke rebò yo pap rete pou
lontan.
Ranpli kay w ak lò ak
diaman, E wa wè ke pa
gen'anken Jan pou veye
1'.
Chante kantamwa ak
richess w se chernen
rekot you panyen
kalarnite.
Men Wou't pou mache
dapre Lesiè :
Lè w fin' fè travay w,
wete kò w
CHAPIT
10
Sa-k'
posib
Kenbe
lespri entelijans la (gwo
bonanj la ) ak nanm
animal la (ti bonanj la)
tankou yo se you sèl
bagay, epi wa kapab
kenbe yo an amoni, youn
ak lòt.
Konsantre w sou
souf lavi w,
mennen l' kote li pi
lian an, epi wa vin soup
tankou you ti bebe
ki fèk fèt.
Si w pwòpte andan w pou
retire tout bagay ki
anpeche w wè byen ak
zie w gen andan w nan, w
ka vin you moun san fot.
Lè wap gouvènen leta
avek lanmou pou pèp la,
eske w pa ta fèt pou
agi san w pa gen anyen dèyè
tèt w?
Lè wap louvri osinon
fèmen pòt lesiyel,
Eske w pa ta fèt pou
jwe wòl pati fanrn nan?
Pandan ke entelijans w pèmèt
w konprann tout kalite
bagay, eske w pa ta fèt
pou parèt tankou w pa
konnen anyen.?
En ben, Tao a ,
nan bò pa li, kree tout
bagay yo epi li nouri yo!
Li fè tout bagay men li
pa fè reklam pou tèt
li, li pa chante anken
kantamwajesuikapab!
Se limenm ki chèf tout
bagay, men li pa fose yo
fè anyen!
Yo rele tout sa yo:
Ladwati Sekrè Tao
a.
tounen
nan tèt
C
H A P l T 11
Jan
pou sèvi avèk sa-k'
ekziste
ke w pa ka menyen an
Trent
reyon alle nan mitan you
sel wou, Men se vid nan
mitan an, ki fè ke kabrèt
la itile.
Ak you moso labou nou fè
you bòl.
Men, se pati ki pa exis
(vid) nan bòl la ki fè
w ka sèvi avè 1'.
Nou fè pòt ak fenèt
pou you chanm.
Men, se espas vid sa yo
ki pèmèt w viv nan
chanrn sa a.
Alos, fò w
mafrese sa k' la pOu fè
l' tounen you avantay,
epi fò w change sa k'
pa la pou fè l' vin
itile.
C
H A P l T 12
Bosale
lapeti w
Lè
senk koulè yo melanje
yo fè moun avèg.
Lè senk ton yo melanje
yo fè moun soud.
Lè senk gou yo melanje
yo fè moum pèdi gou
bouch yo.
Kous ak lachas twoble
lespri moun.
Sa ki ra fe moun fè sak'
pa sa.
Konsa, sag la pran swen
sak lan vant, men pa sa
zie gade.
Li renmen sa k' andan an
pase sa k' deyo a.
C
H A P l T 13
Lonè
ak dezonè se menm bagay
"Resevwa
desonè tankou you bèl
sipriz.
Bay kalamite valè nou
bay kò-n'."
Pou ki rezon pou-n'
"resevwa dezonè
tankou you bon sipriz"?
Enben, si w konsidere
move tan tankou-l'se you
favè,
Resevwa l' dwe you bon
sipriz,
Men jan ak pèdi 1'!
Se poutèt sa
w dwe "resevwa
desonè tankou you bon
sipriz."
Pou ki rezon pou nou
" bay kalamite valè
nou bay kò n'"?
En ben, paske se kò-n'
rnenm ki tètsous pwoblèm
nou.
Si n' pa t' gen'kò, ki
kalamite n' ta jam
genyen?
Konsa, se sèl nan men
moun ki konsidere
lernond tankou l' se kò
l' ke n' ka mete peyi a.
Moun ki ka gouvènen ak
lanmou an, se li sèl ki
gen'ase valè pou l'
gouvènen peyi a.
tounen
nan tèt
C
H A P l T 14
Ki
jan Gran Mistè a
manifeste
Gade
l' w pa menm ka wè 1';
Non pa l' se Invisib la.
Louvri zorèy w, W pa ka
tande 1'; Non pa 1' se
sa w pa ka tande a.
Chèche pran 1', w pa ka
kinbe 1'; Non pa li se
Sankò a. Chak nan
twa figi sa yo se you
pwofondèsanfon; Se sa
ki fè yo fonn youn nan
lòt Pati anwo l'a pa
klere:
Pati anba l'a pa fè nwa.
Bagay san non sa a
kontiniye nètalkole epi
li san boday;
Lap mache tout tan
jiskaske li retounen
kote pa gen'anyen an.
Nou rele l' fòm san fòm
nan, pòtre san pòtre
a.
Nou rele l' sa w pa
kapab di saliye a, sa
k'san pòtrel' nan
tèt w a.
Parèt sou li bab pou
bab, w pa ka wè figi
1'! Swiv li, w pa ka wè
do 1'!
Poutan Si w kimbe Tao a,
bagay ki la depi tout
tan, kom zouti, w kap'
konpran tout bagay k'ap
fèt kounouyea
E, sou bit sa a, wa kap'
konnen kote tout bagay
soti.
Sa se kòd ki mare tout
bagay andan Tao a.
C
H A P l T 15
Agisman
Sag la anba limiè Tao a
Zansèt
ki te Swiv Tao yo te
sibtil epi yo te soup,
Yo te gen' anpil sajès
ak anpil konpran. Lespri
yo te twò fon pou
konpran.
Paske nou pa kap
konprann yo, Nou kap sèlman
pale, konsa konsa, de
jan yo te parèt la:
Yo te agi ak pwekosion
tankou lè wap travèse
you riviè ki kouvri ak
youkouch glas an ivè,
Ak lapèrèze, tankou
you moun ki pè tout
vwazen k' ozalantou l',
yo te dousman tankou yon
etranje k'ap visite,
Kò yo te mou tankou
glas ki prèt pou l'
fonn.
Yo te senp tankou you
bout bwa ki poko travay,
Vid tankou you grot,
Twoub tankou you basin
dlo sal.
Poutan, ki lès plis
pase yo, ki kapab, tout
dousman e ti kras pa ti
kras, fè dlo sal vin klè?
Ki les plis pase yo ki
kapab, ti kras pa ti
kras, men san yo
pa rete, mafrese sa k'
pa gen'lavi a pou fè li
tounen sa k' anvi a?
Moun ki bay Tao a lanmen
pa vle vin plen à
laranvès.
Men tou, se paske l' pa
jam plen a la ranvès
Ki fè l' ka toujou rete
tankou you gèm kap
fleri anba chal,
Ki pa prese pou 1' vin
mi two bonè.
tounen
nan tèt
C
H A P l T 16
Retounen
nan rasin nan
Pouse
pou ka rive nan vid ki
pi vid la.
Ak tout fos kè w, kinbe
lapè andan w.
Pandan ke tout bagay ap
brase ansanb,
Mwen menm map gade kote
yo pral retounen an.
Malgre yap fleri,
Yo chak gen' pou yo
retounen nan rasinn yo.
Retounen nan rasinn nan
se jwen lapè.
Jwen lapè se retounen
nan destin an.
Retounen nan destin an
se retemenjantouttan.
Konnen
retemenmjantouttan an
vle di wè nan nanan an.
Si you moun pa konnen
retemenjantouttan an,
Lap kouri tankou avèg
pou l'tonbe nan malè.
Si w konnen
Retemenmjantouttan an,
Wa konpran epi wa
anbrase tout bagay.
Si w konpran epi w
anbrase tout bagay,
W pap ni pou you bò ni
pou yo lòt, wa kapab fè
jistis
Lè w viv nan jistis, sa
vle di w gen
ajismen-you-Wa;
Ajismen-you-Wa vle di
waji tankou you sèl avèk
lanati;
Ajisman tankou you sèl
avèk lanati vle di ke
wmenm avek Tao nou fè
yousèl;
Fè yousèl ak Tao a vle
di rete la pou tout tan.
You moun ki konsa ap
toujou an pè.
Lap rete tout antie
menm apre kò 1'
depafini.
C
H A P l T 17
Lè
tout bagay tap mache
swivan règ Tao a
Pi
bon chef ki genyen an se
sa ke pèp la apèn
konnen si l' la a.
Chef yo renmen an, ke
yap fè rekiarn pou li a
vini an dezièm.
Sa yo pè a vin an twazièm.
Sa yo pa vle wè a, ke
yo revolte kont li a vin
an katrièm.
Lè w pa kw'è asse nan
lòt moun, Zòt pap kwè
nan w.
Saj la effase tèt li e
l' pa beswen anpil mo
pou l' pale.
Lè li fini fè sa l'dwe
fè a, e ke tout bagay
yo fin byen range, Pèp
la di:
" Se nou menrn ak
sa k' nan kè nou ki fè
yo!"
C
H A P l T 18
konsekans
pèdi wout Tao a
Lè
Gran Tao bese,
Diskou sou renmen pou
moun ansanm ak ladwati
parèt.
Lè konesans ak sajes
parèt,
Lè sa a gwo ipokrit yo
parèt
Lè sis relasyon andan
fanmi an pèdi tèt
ansanm yo,
Lè sa a moun komanse
defann respè pitit pou
papa ak afeksyon papa
pou pitit.
Lè rèy fè nwa ak desòd
komanse nan you peyi,
Lè sa a moun fè reklam
pou bon minis yo.
tounen
nan tèt
C
H A P l T 19
Ki
jan pou nou retounen
anba limiè Tao a
Kite
chèche konnen tout
bagay tonbe, sispan pran
poz save w,
Epi moun yo va
gen'san fwa benefis,
Kite renmen pou moun
tonbe, bandonnen
lajistis,
Epi moun yo va retounen
nan respè pitit pou
papa ak gwo lanmou.
Kite mèt dam, bandonnen
fè pwofi,
Epi zenglendo ak eskamotè
va disparèt.
Twa pè bagay sa yo se
kwaseman andan Tao a,
E youn ladan yo pa asse
pou tèt li.
Sa vle di ke yo sou lezòd
you Pwensib pi wo ki di:
Pa parèt konplike,
Louvri bwa bay jan sa te
ye avan an,
Diminie egois,
Mete kòd nan tèt
lapeti w.
C
H A P l T 20
Diferans
ant Sag la ak lòt moun
Sispann
chèche konpran,
Epi pap gen'anyen ki pap
klè nan tèt w anko.
Ki grandèt diferans ki
genyen ant "Wi
rnsie" ak "Sètènman
pa"?
Ki diferans ki genyen
ant "bon" ak
&quo |