


|
 |
|
Last Updated: Dec 15, 2007 - 2:55:41 AM |
RANKONT FANMI LAVALAS
REZOLISYON 6 ME 2006
MYAMI, FLORID
Yon lòt fwa ankò, sou konvokasyon Prezidan Aristid ki se lidè istorik mas defavorize yo e ki se Reprezantan Nasyonal Oganizasyon Fanmi Lavalas, Komisyon Kominikasyon Oganizasyon Fanmi Lavalas, Komite Fanmi Lavalas nan Florid ak Manm Kabinè Prezidan Aristid òganize yon gwo chita tande nan Myami, Florid jou ki 6 me 2006 la.
Nan rankont sa a, Delege ki soti nan Boston, New-york, Philadelphia, Connecticut, New-Jersey, California, Montréal, Ottawa, Washington, Florida ak Bahamas, Reprezantan peyzan, Reprezantan sektè sendika, patisipasyon Reprezantan Oganizasyon baz nan Bèlè, Site Solèy, Kafou Fey, Kafou, Baz nan Nò, Nòdès, Plato Santral, Latibonit, Grandans, Nip, Sid ak Sidès, ak patisipasyon Militan ki nan mawon ak sila yo ki an ekzil… elatrye. Yo pran desizyon sa yo :
Lè nou konsidere
1 Konstitisyon 29 mas 1987 la ki se manman lwa peyi a ki pa rekonèt koudeta ni ekzil;
2 Deklarasyon inivèsèl dwa moun, ki rekonèt dwa chak moun sou la tè genyen pou yo viv nan diyite, sekirite ak la pè;
3 Chat Fanmi Lavalas ki se manman lwa Oganizasyon an ki oblije chak manm travay pou demokrasi, libète ak jistis san fòs kote;
4 Rezolisyon ki te soti nan Rankont Fanmi Lavalas nan Myami, Florid jou ki te 12 jen 2004;
5 Rezolisyon ki te soti nan Rankont Fanmi Lavalas nan Nouyòk jou ki te 14 me 2005;
6 Deklarasyon Prezidan Jean-Bertrand Aristide nan mwa desanm 2005 lan;
Nou menm Delege Fanmi Lavalas nou deside:
1 Fanmi Lavalas salye yon lòt fwa ankò kouraj ak detèminasyon pèp aysyen an lè li eksprime san detou e san vyolans volonte li nan jounen istorik ki te 7 fevrye 2006 lan. Li te mobilize pou tout moun ki vle wè,ka wè.Vòt li te pale pou tout moun ki vle tande,ka tande. Fanmi Lavalas salye yon lòt fwa ankò , entelijans pèp aysyen an lè li transfome yon seleksyon pwograme an referendum kont koudeta 29 fevrye 2004 la. Li fè seleksyon an tounen eleksyon lè li chwazi Rene Garcia Preval kòm prezidan dayiti.Volonte pèp , se respekte sa .Pèp la pase nan wout sa a ,pou li rive nan retou a pi vit,jan 2 kalite foto kite nan men li montre sa.
2 Prezidan Jean-Bertrand Aristide dwe retounen nan peyi dayiti, san pèdi tan, jan pèp la reklame’l , e jan Konstitisyon 29 mas 1987 la ekzije sa.Se pou sa Fanmi Lavalas mande tout manm ak senpatizan òganizasyon an rete mobilize jiskaske sa fèt ;
3 Anba banyè konstitisyon an, tout ekzile politik gen dwa pou retounen nan peyi a san kè sote.
4 Tout moun ki nan mawon andedan peyi a akòz de pèsekisyon politik dwe retounen lakay yo pou yo ka viv nan mitan fanmi yo nan la pè ak sekirite.
5 Tout prizonye politik yo san eksepsyon dwe jwenn liberasyon yo san kondisyon, jan manman lwa peyi a, lwa ki an vigè nan peyi a ak konvansyon entènasyonal yo mande sa.
6 Fanmi Lavalas deklare yon lòt fwa ankò li pa kwe nan vanjans e li kont tout kalite fòm vyolans. Se pou tèt sa, òganizasyon an ap mete kanpe yon komisyon pou:
a) Evalye kantite dega , dezas koudeta 29 fevrye 2004 la fè sou popilasyon an;
b) Akonpaye tout moun ki viktim de gouvènman defakto 29 fevrye 2004 la anba zak kraze brize, maspinay, asasinay, masak, kadejak, ekspropryasyon abitrè… elatrye pou yo ka jwenn jistis, dedomajman ak reparasyon.
7 Okipasyon ilegal ak vyolasyon espas Inivèsite Fondasyon Aristid pou Demokrasi a dwe sispann. Konsa Inivèsite a a kapab kontinye fòme bon jan sèvo pou peyi a.
8 Baboukèt ke gouvenman ilegal 29 fevrye 2004 mete sou Radyo ak Tele Timoun nan dwe leve san pèdi tan, yon fason pou travay enfòmasyon ak edikasyon popilasyon an ka reprann.
9 Fanmi Lavalas dwe kontinye travay pou ranfòse inite nan peyi a, jan zansèt nou yo te fè li. Paske Ayiti se yon fanmi, Lavalas se linyon fè lafòs. Inite nou se fòs nou. Tout atak kont inite-a, se yon atak kont pwojè demokratik la, kidonk kont pèp-la. Pataj, respè youn pou lòt, solidarite youn ak lòt, se bonjan materyo pou rekonstwi demokrasi a.
YON SEL NOU FEB, ANSANM NOU FO, ANSANM ANSANM NOU SE LAVALAS.
Men Delege ki mete siyati yo anba Rezolisyon sila a :
KOMISYON KOMINIKASYON FANMI LAVALAS :
M. Mario Dupuy
Me. Angelot Bell
Dr. Maryse Narcisse
M. Jonas Petit.
KOMITE FANMI LAVALAS FLORIDE :
Mme. Farah Juste
M. Evelt Jeudy
M. Serge Sarrazin
Mme. Marlène Nicolas
M. Ernst Derisier
M. Pierre Ceac
Mme. Nicole Mercier
M. Réginald Métellus
DELEGE YO :
Mme. Alina Sixto
Dr. Serge Louis
Dr. Frantz Latour
M. Emile Trouillot
M. Eric Trouillot
M. Frantz Gabriel
M. Lovinsky Pierre-Antoine
Mme. Florence Jean Louis Dupuy
M. René Civil
M. René Momplaisir
M. Georges H. Barberousse
M. Leslie Lavlenet
M. Benissoit Duclos
M. Pierre-Louis Jean-Elie
M.Bazelais Thelusma
M. Guy Laurent
M. François Sergo Métellus
M. Ramilus Bolivar
M. Wilnet Content
M. Laurent Organier
M. Merryl Simon
M. Joseph Romain
Rev. Jean Denavard Tranquilus
Rev. Ernst Pierre Vincent
Rev. Loreston Abraham
M. James Desrosin
M. Nector Lestin
M. Tholerme Vital
M. Fritz Casséus
M. Edwige Romulus
M. Willy Forge
M. Simson Lubérus
M. Alfred Mikanord
M. Bertin Semelfort
M. Geraud Charles
M. Frantz Jérome
M. Franklin Geffrard
M. Jacob François
M. Joseph Bruny
M. Antonio Blanc
M. Frenel Anacrayon
Mme. Véronique Fleurimé
M. Yves Bonnet
M. Fernand Ph. Auguste
M. Jean-René Foureau
M. Fritzner Romage Milien
M. André E. Joseph ( Yéyé Boul )
M. Dunirlus Sivelt
Mme. Jolène Fatal
M. Roger Biamby
M. Charité Gilles
M. Gaston Jean-Baptiste
Mme. Josette Lespérance
M. Frédéric Dérilus
M. Jean-Claude Désir
M. Fritzner Pierre
M. Joseph Berry
Mme. Romane Petit
Mme. Rose Gabriel
M. Ulrick Saint-Cyr
M. Pierre Labossière
M. Jean Dérose
Top of Page
|
|
 |

|